Donaldy Salvant: M Swete W Konprann

Yo gen mechanste pase yon gwo koulèv sann
Yo abiye sal pase madigra ki nan bann
Yo pran foto ak videyo, yo di nou tann
Nou kwè nan yo, nou gen espwa tankou se Jezi k’ fè la desann
Lakay nou yo jwenn zorye, yo jwenn kabann
Epi pou lajan etranje, yo fè pitit fi nou yo tounen machann
Malgre tout sa, je nou fèmen nou still pa konprann
Gen sak vini fèn promès tankou se sèvis yap rann
Men an reyalite se zafè pa yo ke yap defann.
Yo ban nou eskiz pi mal pase yon jenn gason ki pa gen bann
Yo fènn domi ak bèl pawòl tankou mizik Cave Allan.
Yo pa ban nou respè… voye nou jete tankou se sann
Se lè yo finn manje yo bann souse yon rès po kann
Yo divize nou tankou Arly Larivière ak Gazzman
Yo di nou sòt, nan tout lekòl yap fout nou lyann
Men yo pa panse timoun grangou paka aprann
Dirijan nou yo, fin lage peyi nou an avann
Yo gen rezon, paske nou pa gen manman nou pa gen grann
Pa gen yon moun ki pou fe yo sispann
Nou lage tankou ti bèt ki nan savann
Espwa sou yo ki nan lòt peyi nou te ka tann
Men si se pou yo nap tounen pwa tann;
Yo pap vini, paske tonton Sam bayo Food Stamp
pou yo achte diri ak vyann.
Yo bliye bon tiji kreyòl, se nan McDonald
yap plede bwè vye dlo tizann.
Yo pèdi identite yo,
some of them tell me they are not even Haitian.
Lèw di yo “Sak pase”? Yo reponn “ What taguann?”.
Se Bondie ki fè m pa gen gun,
M tap fè yo dim ki lè yo te Jamaican.
Si se sou delivrans moun sa yo nap tann,
tèt nou pounn fout al pann.
Reveyew zanmim, paske se nou tout yap bay Nanna pou Sizann.
Bagay serye, m swetew Konprann.

Leave a Comment

Fill in your details below or click an icon to log in:

Gravatar
WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out / Change )

Twitter picture

You are commenting using your Twitter account. Log Out / Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out / Change )

Google+ photo

You are commenting using your Google+ account. Log Out / Change )

Connecting to %s

Follow

Get every new post delivered to your Inbox.

Join 904 other followers

Build a website with WordPress.com
%d bloggers like this: