Leila Laraque: Fout Ou Deyò

(Any additional dissertation discussion chapter about Leila Laraque's influence can be easily ordered from the form at the main page.)

Zantray mwen, tout san nan kò m’
ap rakonte yon souvni
yon espwa ki tounen fyèl
avèk yon siklonn ki derasine tout pye bwa
antan lahènn ap melanje ak lanmou
pou li ronje, pou li deseche
tout kote w’ te manyen
tout zetwal ou te lumen
andedanm

Gen de jou m’ pa menm ka reflechi
Tout wout mwen fè,
chak son mwen tande,
chak odeu mwen respire
tout mennen ver yon loraj
ki paka finn gronde
yon lapli ki pa ka suspann koule,
bwote tout dlo nan je m’
tankou yon rivyè kap nwaye m’

Kou medikaman ki tounen pwazon
w’ ap fe lavironn dede nan tèt mwen
Ou rantre nan tout rèv mwen
kote pou m’ fout ale???
Men fout ou deyò tonèrrrrrrr!!!

Ou te antre nan tout zo nan kò m’
fè m’ klere tankou yon fanal plen lumyè
leu souf nou, po nou, rèl nou tap armonize
pou fe yon vwa ki vibre jouk nan nanm mwen

Men fout ou deyò tonnèr!!!!
Map fout ”pè lebrun” tout foto
jouk mwen boukannen
tout tras ou nan keu mwen
fè tout souvni tounen sann

Si’m boukannen tou sa pa fè anyen

Men sa w’ fout bezwen?
Fout ou deyò mwen di w’…
Ou tounen ankò?
Pa gen kote pou w’ pase
Nan tout kwen Pòtoprens se barikad

Queens, New York, March 23, 2011

*   *   *

Leila Laraque was born in Port-au-Prince, Haiti. In her family, music was as important as air. Surrounded by artists (both her father and brother are musicians), she fell madly in love with art ever since she was in Kindergarten. From music to painting/drawing and poetry, she is fascinated by all types of soul expression. She had lived in Haiti, then in Montreal and is now evolving in New York. Although very attached to her Haitian roots, Leila enjoys mixing different colors in her poetry with a combination of Kreyòl, French and English. The artist is not following definite norms and rules in the structure of her poetry, choosing to focus on painting emotions and emotions alone with very few limitations. Raw passion, rage and despair are all impersonated through vivid images that dance in her flow.

Leave a Comment

Fill in your details below or click an icon to log in:

Gravatar
WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out / Change )

Twitter picture

You are commenting using your Twitter account. Log Out / Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out / Change )

Google+ photo

You are commenting using your Google+ account. Log Out / Change )

Connecting to %s



Follow

Get every new post delivered to your Inbox.

Join 904 other followers

Build a website with WordPress.com
%d bloggers like this: