Yvette Leroy: Manman Ayiti

Ayiti manman zantray,
Ki lè w’ ap sòti anba tray.
Yo di ou pran sèt so, twa bitay,
Men jodiya ou kanpe sou fay.

Tankou yon bato san gouvènay,
Vag lanmè ap brote ak pay.
Pwoblèm ou piwo mòn layay,
Rèv ou kloure dèzè pòtay.

Devan dèyè ou nan batay,
Ou avòte anba mitray.
San w’ debòde rive sou ray,
Pòtre figi w’ kraze anba kay.

Ayiti pa pran nan kamouflay,
Pa ret chita gade fetay.
Kole pyese soude tout may,
Pa bay piyay, ni gaspiyay.

Ou fin kriye nan finiray,
Mare mouka w’ kon evantay.
Ak bèl kolye, zanno koray,
Pou kadanse nan rabòday…

Miami, Florida, September 17, 2011

*   *   *

Yvette Leroy, aka Wanègès, lives in Miami, Florida.

Leave a Comment

Fill in your details below or click an icon to log in:

Gravatar
WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out / Change )

Twitter picture

You are commenting using your Twitter account. Log Out / Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out / Change )

Google+ photo

You are commenting using your Google+ account. Log Out / Change )

Connecting to %s

Follow

Get every new post delivered to your Inbox.

Join 904 other followers

Build a website with WordPress.com
%d bloggers like this: