Leila Laraque: Dans viktwa peyi m’

Depi lontan solèy la ap kabicha

Li lage kò l’ tou long dèyè do avadra, aloufa ak fo lwa

Ki lannuit kou jou kenbe tout yon nasyon nan fè nwa

Dòmi pa m’ nan refuze vini

Yon dra lobèy kole m’ nan yon ensomni

Je kale m’ bloke nan yon kochma

Lapè, lanmou, lajwa, tout lespwa ki te plante

Tout koupe Ayiti koutje

Tout jete yo, yo disparèt avèk solèy la

Kidnapping, korupsyon, dezunyon ak kolera

Tout sanble nan yon pil fatra

Sèvis dijyènn pa janm pase pran

Yon pil dekonb ak kadav

Kap dekonpoze m’, kap endispoze m’

Dekole kò w’ sou peyi m’, fout!

Koutpye, kout dan wap pran tout

Vle pa vle nap jwenn bout ou

Wa kite men nou rasanble

Wa kite pitimi ak lekòl pouse nan tout katye

Wa kite solèy mele ak rèv pou lumen wout tout ayisyen

Wa kite peyi m’ danse  nan yon viktwa vant plen

Yon kanaval kouleu ak kout ren

© Leila Laraque – New York, Mars 2012

Leila Laraque was born in Port-au-Prince, Haiti. In her family, music was as important as air. Surrounded by artists (both her father and brother are musicians), she fell madly in love with art ever since she was in Kindergarten. From music to painting/drawing and poetry, she is fascinated by all types of soul expression. She had lived in Haiti, then in Montreal and is now evolving in New York. Although very attached to her Haitian roots, Leila enjoys mixing different colors in her poetry with a combination of Kreyòl, French and English. The artist is not following definite norms and rules in the structure of her poetry, choosing to focus on painting emotions and emotions alone with very few limitations. Raw passion, rage and despair are all impersonated through vivid images that dance in her flow.

About these ads