COURTING OUR CONSCIOUSNESS

Using gogyohka to court our consciousness…

Click on the word gogyohka to find out more about that style.

This slideshow requires JavaScript.

Smoye Noisy: Mwen Jwenn Li (Eureka)

Mwen jwenn pi bèl mo ki egziste nan diksyonè a
Mwen jwenn pi bèl mo pou rezime bib la
Mwen jwenn pi bèl mo pou eksplike batay gran Mèt la
Mwen jwenn pi bèl mo pou fè la relijyon konn sa pou l preche.
Mwen jwenn pi bèl mo pou fè la politik mache
Mwen jwenn pi bèl mo ki fè la filozofi di la verite
Mwen jwenn pi bèl mo ki fè la syans jwenn sa lap chèche.

Yon mo ki fè EDIKASYON nesesè
Ki fè Lekòl sonje wòl li
Ki fè la jistis konn sa pou l defann
Ki bay tout metye, tout diplòm, tout tit, tout grad valè
Yon mo ki gen plis repons ke kesyon
Yon mo ki pote plis solisyon ke pwoblèm

Se li ki fè tab la kanpe, ki fè machinn nan woule
Se li ki fè a dwat ak a gòch rete nan plas yo.
Se li ki fè anwo pa tonbe sou anba.

Se li ki fè pozitif ak negatif kontre pou pwodwi elektrisite

Yon sèl mo, yon sèl:

“RESPÈ”

Se li ki fè rekonèt lanmou
Se li ki fè valè lamitye
Se li ki fè biznis pwospere
Se li ki sèl FÒS pou bati paradi.

***

Smoye Noisy fèt Okap nan lopital Justinien men se Ouanaminthe li grandi. Li fè tout etid primè li kay Frè Enstriksyon Kretyèn Ouanaminthe; apre sètifika li rantre Pòtoprens pou li kontinye etid segondè li. Pi gwo pasyon l se te radyo kote li fè yon bel karyè. Li pase nan Radyo Antiy tankou animatè, prezantatè, jounalis epi tou repòtè Radyo Metwopòl ak menm tit yo. Apre radyo li eseye tou televizyon men eksperyans li nan domèn sa a pat twò long. Apre sa nou pral jwen li nan sinema ayisyen ak 5 fim pami yo: Le Cap à la une, Millionnaire par erreur (yon fim ke li ekri li menm epi Jean Gardy fe montaj lan), VIP, Miracle de la foi, epitou Journée de cooler (on ti fim ke de jèn nan Okap te realize)

Paroles, Paroles

Poésie de Hugues Cote; Leila Laraque; et Wanga Nègès.

Follow

Get every new post delivered to your Inbox.

Join 904 other followers

Build a website with WordPress.com