Lucie Mercure Gelin: Ayiti, se pa fòt ou, se pa fòt mwen

Ayiti, katrè sonnen panm!
Bri kouri; zanmi, fanmi ap rele anmwe.
Tout moùn boulvèse.
Nouvèl gaye: Ayiti disparèt.
Sa ou tande a! se rèl! se ladezolasyon!
Gras lamizèrikòd! Ayiti peri!

Gen moun ki di se misil.
Gen sa ki di se règleman
Paske depi nan tan lontan
Ayiti te vann nanm li
Bay mouche Satan.

Zòt menm di se enfrastrikti
Nou gen move konstriksyon
Ki fè tout demolisyon sa-a yo.
Daprè gwo mesye syantis yo
Se lanati k’ap fè dechoukay.

Ayiti, manman cheri,
Ala fanm pa gen chans se ou!
Pitit zantray ou lage-w san trip.
Ayiti, ala istwa ou gen pou rakonte!
Men èske y’ap janm tande-w ?

Ayiti tranche-a rèd. W’ap pouse lontan.
Kilè w’ap delivre manman vant sa-a?
Ayiti, syèl ou miba, machwè-w gonfle.
Gen kèk tan w’ ap pran koutba.

Ayiti, ou tounen yon fanm piyay.
Tout bèt antre lakay an mèt kay
Depi se ti kolibri, rive gwo malfini
Tout zwezo bezwen f’on bèk. Adye o!
Te kwè se ou k’ pi pòv nan emisfè-a?
Ou se pòv vre, manman cheri!

Men tete-w dous; pa gen  fanm ki dous pase ou.
Fòk yo benyen nan solèy lanmou-w.
Menmlè y’ap meprize-w,  pa gen tankou-w.
Fanm kowosòl, mango doudous, siwo dòja,
Labouyi bannann mwen, labouyi vant mwen, atè miyò-m nan…

Ayiti, zantray ou louvri debò,
Lonbrit ou dechire.
Ti lèzanj, inosan kon koupab,
Tout moun fè rankont nan kalfou lanmò.
Ayiti, ou santi san, ou santi mò, ou santi chwan.
Ou pa gen paynsòl. Pa gen dezenfektan

Men kote fèy kowosòl? Kote fèy bazilik?
Kote afetida,  bann madigra. Kote kriyolin?
Bouke voye kout koulin
Pou doktè Sanndje, al chèche alilin—
Pa menm yon aspirin.

Mezanmi, Ayiti pa lakay zòt!
Fò n’ pa engra, bann san lizay.
Doktè Sanndje, eskize-m wi:
Se pa fòt ou, se pa fòt mwen.
Nan peyi lakay, ou pa mèt kay,
Ou pa menm gen on moso gaz,
Alewè pou klinik ak lopital.
Se pa fòt ou, se pa fòt mwen.
Ni ou ni mwen, nou pa kwè nan dechoukay.

Ayiti, pitit yo gen  fyèl
Men anpil tou s’on pakèt komokyèl:
Yo toujou ap fè bòkyè anba tonèl;
Yo bat bravo pou ti tyotyo;
Yo fè deleryòm
Jan zansèt nou yo te konn chante tedeyòm.

Ayiyi, ou nan yon gwo tèt chaje
Kote yo! Kote yo! Kote nou?
Ayiti, machwè-w gonfle.
Se pa jodi-a w’ap pran kalòt anba gwo bòt.
Men se pa fòt zòt, fò n’ pa two engra—
Fò n’di yo mèsi
Menmlè nou pran on kout asowosi
Pou n’ maske fyète nou,
Pou n’ maske lawont ki anvayi nou.

Ayiti, ou  tounen vè, ou tounen mouch
Ou santi mò. O, kade kadav ti zanj yo!
Gade pòv ! O… apa moùn rich te konn mouri?
Apa s’on labatwa vyann santi?
Nan kalfou lanmò nou tout fè on sèl.

Gade san, san pòv, san rich…
Titanyen yo pa menm di ou lonnè
Ou pa pale Anglè?…
Avanse lesuivan, fè plas youn sou lòt.
O! Gade bout pye.
Zenglendo, leve sou mwen!
Ou  pa wè m’ pa gen men?
Ou pa wè je-m pete?
Tèt mwen ouvri debò;
Tèt mwen san mwèl.

O, Manman Notredam! Vyèj Altagras!
Yo touye pitit mwen pou yon sak diri
Se pa volè l’ t’ap volè non,
Se grangou l’ te grangou.
Lakay mwen dife pa t’ka limen
Se pa tout moun lakay ki te ka manje
Edi mwen te konn ap vann zòt diri.
Kounye-a pitit mwen ap mouri pou on grenn diri.
Ebyen fò m’ di yo mèsi:
Mèsi bann komokyèl.
Gran manjè renmen tout… Tout se pa-m.

Monseyè, Monpè,
An n’ chante rekiyèm pou tout mò yo.
Pastè, resite sòm dèyè tout malfektè.
Men tonnè! Kite m’ fout rele zany mwen non!
Retire koulin ou an nan machwè-m.
Sa sa fè si nou tout ta fè on sèl
Anba perestil lavi-a?

E pitit lòt bò dlo yo, sa yo rele dyaspora?
Kote yo? Kote nou? Kote mwen?
Sa se pa-m,
Sa se pa-w.
Sa k’fè l’ pa ka pa nou?

Mwen se Ayiti, manman nou tout:
Pitit deyò, pitit anndan, tout se pitit trip mwen.
Mwen pa gen kandida,
Mwen pa konn fè eleksyon.
Nou bezwen linyon
Pou manman nou, Ayiti, ka rebati pi bèl.
Pou nou tout ka fè on sèl
Anba labanyè lanmou.

Ayiti, se fanm ou ye.
Fanm se kajou
Anba bèl makiyaj,
W’a tounen on bèl plaj
Kote tout pitit  ou v’al plonje nan basen lanmou.
Lè sa-a nou pap bezwen tonton zòt
Pou vin met lòd nan dezòd.

Ayiti, ou pap mouri.
Sa se yon garanti.
Ou gen de tete—
Youn dous,  youn anmè.
Anmè-a pou blofè, ti koulout, restavèk,
Ti mannyè, pitit Konze yo,
Patripòch yo… W’a mete lalwa pou sevre yo.
Tete dous la se tete lespwa pou bon ptitit ou
Ki pap janm lage-w

Tanpri, manman cheri,
Pa kite yo kanpe sou chimen lespwa-w.
Mwen renmen-w san kondisyon.
Toujou sonje, manman cheri:
Madichon Goudougoudou ki pase-a,
Se pa fòt ou… Se pa fòt mwen.

Miami, Florida, November 10, 2010

*   *   *

Lucie Mercure Gelin was born in Plateau Central, Haiti, not far from Santo-Domingo, her grandmother’s homeland. Lucie is a mental health nurse who enjoys writing poetry in her spare time. Her other hobbies include dancing, listening to music, and cooking.

Leave a Comment

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out / Change )

Twitter picture

You are commenting using your Twitter account. Log Out / Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out / Change )

Google+ photo

You are commenting using your Google+ account. Log Out / Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: