Pascale Doxy: Sa w’ap gade la-a?

Sa w’ap gade la-a?
Bra ki rache?
Je ki pete?
Tèt ki kraze?
Fanm k’ap trepase?
Yon moman ki brote vant mwen ale?

Ki foto w’ap pran la-a?
Ou klap! klap!
Ou voye youn nan Nò
Yon lòt nan Sid
Pòtre m’ fè letoudimond!

Yon ti vè diven nan dyòl ou
Pye w’ sou yon ti chèz ba
W’ap dèz kò w’
Mizè moun se yon bèl woman

Van soufle dife
Dife fè flanm
Flanm propaje
Flanm rive devan pa pòt ou
Ou gen estenktè?

Yon milyon diskou
Kostim ak brezo pou sove Limanite
Donasyon adwat gala agòch
Adopte se solisyon
Any! W’ap metrize lodyanz konsyans ou!

Men Dyab!
Latè se adrès pa w’ tou!
Dlo, Van, Dife ak Tè
Se istwa pa nou tout!

Bann foto sa yo w’ ap gade la-a,
Siman se
Imaj ou….
Lavi w’…
Demen w’…

***

Pascale DOXY is an artist born and raised in Port-au-Prince, Haiti.  While working as both a teacher and a school administrator in the Caribbean country, she managed to write several books for children grades 1 to 11: Guides de Savoir-vivre.

Following the 2010 earthquake, Pascale moved to Florida, where she has showcased her paintings and poems about the tragedy. She is currently planning other exhibits and looking forward to publishing her children and young adult stories.

Click here to read another poem by Pascale and here to appreciate her visual art.

Pascale

Pascale Doxy

Comments

  1. jean-robert placide says:

    Mwen renmen tèks sa a paske pozisyon sanba a nan pyès literè a raple mwen pozisyon Moriso Lewa nan tèks li a : Pa pran pòtre m blan. Mwen renmen tèks la poutèt vokabilè kreyòl baz li genyen an: ( w’ ap dèz kò w’ ). Mwen renmen tèks la akoz bèl teknik estetik ( figures de style) ki nan katriyèm paragraf la. Gen yon (concaténation) ak yon (gradation) ki etabli yon bèl konparezon ak zòt, nan menm moman an tou, li montre gwo diferans sosyet nou an parapò ak zòt. Finalman, mwen remen tèks la pou emosyon ak santiman djanm sanba Pascale fè pase anndan pwezi a.

    Jean-Robert Placide
    Manm Sosyete Koukouy, Seksyon Kanada

  2. Jerry Delince says:

    Excellent metering, style and imagery, A very moving and apparently personal poem.

Leave a Reply to Jerry Delince Cancel reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

Gravatar
WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out / Change )

Twitter picture

You are commenting using your Twitter account. Log Out / Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out / Change )

Google+ photo

You are commenting using your Google+ account. Log Out / Change )

Connecting to %s

Follow

Get every new post delivered to your Inbox.

Join 904 other followers

Build a website with WordPress.com
%d bloggers like this: