Pwezi

Check out our texts in Haitian Creole: Bon arive, Powèt / Lakay / Manman Ayiti / Manvi W / Pwezigram / Sa w’ ap gade la a?

Pascale Doxy: Sa w’ap gade la-a?

Sa w’ap gade la-a?
Bra ki rache?
Je ki pete?
Tèt ki kraze?
Fanm k’ap trepase?
Yon moman ki brote vant mwen ale?

Ki foto w’ap pran la-a?
Ou klap! klap!
Ou voye youn nan Nò
Yon lòt nan Sid
Pòtre m’ fè letoudimond!

Yon ti vè diven nan dyòl ou
Pye w’ sou yon ti chèz ba
W’ap dèz kò w’
Mizè moun se yon bèl woman

Van soufle dife
Dife fè flanm
Flanm propaje
Flanm rive devan pa pòt ou
Ou gen estenktè?

Yon milyon diskou
Kostim ak brezo pou sove Limanite
Donasyon adwat gala agòch
Adopte se solisyon
Any! W’ap metrize lodyanz konsyans ou!

Men Dyab!
Latè se adrès pa w’ tou!
Dlo, Van, Dife ak Tè
Se istwa pa nou tout!

Bann foto sa yo w’ ap gade la-a,
Siman se
Imaj ou….
Lavi w’…
Demen w’…

***

Pascale DOXY is an artist born and raised in Port-au-Prince, Haiti.  While working as both a teacher and a school administrator in the Caribbean country, she managed to write several books for children grades 1 to 11: Guides de Savoir-vivre.

Following the 2010 earthquake, Pascale moved to Florida, where she has showcased her paintings and poems about the tragedy. She is currently planning other exhibits and looking forward to publishing her children and young adult stories.

Click here to read another poem by Pascale and here to appreciate her visual art.

Pascale

Pascale Doxy

Smoye Noisy: Mwen Jwenn Li (Eureka)

Mwen jwenn pi bèl mo ki egziste nan diksyonè a
Mwen jwenn pi bèl mo pou rezime bib la
Mwen jwenn pi bèl mo pou eksplike batay gran Mèt la
Mwen jwenn pi bèl mo pou fè la relijyon konn sa pou l preche.
Mwen jwenn pi bèl mo pou fè la politik mache
Mwen jwenn pi bèl mo ki fè la filozofi di la verite
Mwen jwenn pi bèl mo ki fè la syans jwenn sa lap chèche.

Yon mo ki fè EDIKASYON nesesè
Ki fè Lekòl sonje wòl li
Ki fè la jistis konn sa pou l defann
Ki bay tout metye, tout diplòm, tout tit, tout grad valè
Yon mo ki gen plis repons ke kesyon
Yon mo ki pote plis solisyon ke pwoblèm

Se li ki fè tab la kanpe, ki fè machinn nan woule
Se li ki fè a dwat ak a gòch rete nan plas yo.
Se li ki fè anwo pa tonbe sou anba.

Se li ki fè pozitif ak negatif kontre pou pwodwi elektrisite

Yon sèl mo, yon sèl:

“RESPÈ”

Se li ki fè rekonèt lanmou
Se li ki fè valè lamitye
Se li ki fè biznis pwospere
Se li ki sèl FÒS pou bati paradi.

***

Smoye Noisy fèt Okap nan lopital Justinien men se Ouanaminthe li grandi. Li fè tout etid primè li kay Frè Enstriksyon Kretyèn Ouanaminthe; apre sètifika li rantre Pòtoprens pou li kontinye etid segondè li. Pi gwo pasyon l se te radyo kote li fè yon bel karyè. Li pase nan Radyo Antiy tankou animatè, prezantatè, jounalis epi tou repòtè Radyo Metwopòl ak menm tit yo. Apre radyo li eseye tou televizyon men eksperyans li nan domèn sa a pat twò long. Apre sa nou pral jwen li nan sinema ayisyen ak 5 fim pami yo: Le Cap à la une, Millionnaire par erreur (yon fim ke li ekri li menm epi Jean Gardy fe montaj lan), VIP, Miracle de la foi, epitou Journée de cooler (on ti fim ke de jèn nan Okap te realize)

Jeanie Bogart: Anvi W

M tanvi pale avè w
tande vwa w kap rezonnen
tankou souf van pote sot lwen, byen lwen
m tanvi koute chak mo k ap sot lan bouch ou
bèl pawòl ki fofile jouk nan emosyon m
pawòl ki satiyèt mwen
ki penchen m, mode m
pawòl ki fè m tresayi

M tanvi kanpe fas pou fas avè w
pou m wè yon lòt fwa ankò
sa k ap fèm fou konsa, k ap vire lòlòj mwem
lajounen kou lannwit
visaj ou ki enprime nan rèv mwen
nan panse m, nan kòle m, nan lespwa m
pou m wè kò w k ap rele kò m san pran souf
branch cheve w ki makònen ak zantray mwen

m tanvi manyen w
pase pwent dwèt mwen sou tout kò w
jouk yo antre nan entèdi w
jwe sou po w yon senfoni
ki pi bèl pase tout senfoni Moza
ki pi dous pase yon senfoni Betovenn
m tanvi manyen w, mòde w, souse w
jouk nou danse yanvalou nan teyat lannwit

From the CD “Dènye Rèl”

*   *   *

International Award Winning Poet Jeanie Bogart was born in Haiti where she studied Journalism. She started to write at the age of fourteen. Her poetry is a revolution in terms of writing as she dares to express desire in an erotic manner. She migrated to New York in 1996 where she studied Fashion Design. She managed to write and design on her spare time while working as a French and Creole Interpreter for the New York State Court System. She is also currently a journalist- staff writer at the Connecticut Haitian Voice.

In 2006, she won the first prize in a Creole poetry contest by Kalbas Lò Lakarayib in Martinique. Her poems have been published in many anthologies such as “Plaisir des Mots” by Dossiers d’Aquitaine – France 2007, “La Poésie Haïtienne Contemporaine” by La Maison de la Poésie – Belgium 2007, la Revue Littéraire Passerelle – Montréal 2008.

Her poetry book Un Jour… tes pantoufles was published by Éditions Paroles in Montreal in 2008. She is the voice on Lettres d’Automne/Tanlapli, a CD by Franz Benjamin that came out in Montréal in 2008. She released a CD of Haitian Creole poetry titled “Dènye Rèl” in 2009. In Feb 2011, she published Éloge de l’Interlocuteur together with poet Saint-John Kauss (Éditions Joseph Ouaknine -France).

She was a signing author at Livres en Folie Haiti in 2009.  She has performed at The Medicine Show Theatre in Manhattan, the Bowery Poetry Club, the Brecht Forum, BLVD, the Brooklyn Central Library, Harvard University, The Ferguson Library in Stamford-Connecticut, Northeastern University in Boston, Lehman College (Poetry Slam: Celebrating Haitian Women) Bronx, NY March 2011.

Her latest poetry book titled Paradoxe was published by Editions Dédicaces in Montréal in 2011. She is now working on a novel.


Follow

Get every new post delivered to your Inbox.

Join 904 other followers

Build a website with WordPress.com